Sèvis asistans legal la

Bureau des Droits Humains en Haïti BDHH – Biwo dwa moun se yon òganizasyon ayisyèn endependan ki kreye nan lane 2015.

Li mete kanpe yon gwoup avoka angaje ki ofri asistans legal gratis pou moun :

+ ki viktim violasyon dwa moun
+ ki pa genyen lajan pou peye avoka

Biwo prensipal BDHH la chita Pòtoprens. Li bay sèvis nan lwès epi li genyen yon ekip kap travay nan depatman sid peyi a.

DETANSYON

BDHH bay asistans legal ak moun ki viktim zak gwo ponyèt nan men zotobre lajistis ak lapolis, espesyalman moun ki nan prizon depi lontan san jije. BDHH ap travay nan prizon ki Pòtoprens ak Kwadèboukè. Li defann tou dwa timoun ki arete nan twa jiridiksyon depatman sid yo : Okay, Okoto, ak Aken. Sou baz yon patenarya ak Direksyon Administrasyon Penitansyè an (DAP), BDHH okipe tou tout dosye fanm ak tifi nan prizon Kabarè ki pa genyen avoka.

VYOLANS

BDHH bay asistans legal ak fanm epi timoun ki viktim vyolans sitou sila yo ki sibi kadejak. Li entèvni tou nan defann moun ki viktim agresyon oubyen diskriminasyon akòz oryantasyon seksyèl yo. BDHH se yon bourad legal pou enstitisyon piblik tankou Ministè fanm, òganizasyon ki denonse violasyon dwa moun ak sila yo ki akonpaye moun ki viktim sou plan sosyal ak lasante. Se sou baz sa, patnè BDHH yo referel pifò ka li trete nan pote kole avèk yo.

PANSYON ALIMANTÈ

BDHH bay asistans legal ak fanm ki lage pou kont yo ak pitit nan men yo ke papa pa okipe. BDHH trete dosye pansyon alimantè ak gad timoun pou fè mesye yo ede nan pran swen ak leve timoun yo. Li entèvni tou sou lwa patènite responsab la, pou fè papa rekonèt pitit yo.

Anvan BDHH pote dosye devan lajistis, li ofri yon sèvis medyasyon kote li pèmèt bon jan dyalog ant paran pou chèche jwenn yon antant. Wout sa kapab pèmèt pwoblèm yo rezoud pi rapid, san leta, e sitou, nan enterè timoun yo.

BDHH defann dwa moun devan lajistis. Li eseye tou denonse  pwoblèm yo, pou sistèm enjistis la sispann pwovoke mizè, enpinite ak abitrè. Se nan sans sa a, BDHH envite benefisyè sèvis legal la pou yo pote kole nan jefò kap fèt pou sansibilize otorite ak popilasyon an, ansanm ak lòt responsab tankou inivèsitè, militan, jounalis epi atis tou. Nou pa dwe fè silans sou violasyon dwa moun ! Fòk moun ki  konsène yo pale. Vin kontinye lit la avèk nou !

Soti 2015 rive 2018, ekip la pran an chaj :
+ 477 moun ki fèmen nan prizon
+ 356 dosye pansyon alimantè
+ 58 moun ki viktim vyolans

Men sa BDHH reyalize pandan tan sa a :
+ 111 prizonye ki libere
+ 66 jijman pansyon alimantè
+ 48 medyasyon ki mache

logo_bdhh

 CONTACT

Bureau des Droits Humains en Haïti (BDHH) – Biwo dwa moun
(00509) 4893-8645 / 3606-8645
contact@bdhhaiti.org
www.bdhhaiti.org

Retrouvez toutes les actualités du BDHH sur sa page Facebook Bureau des droits humains en Haïti !